Ministè edikasyon nasyonal atravè yon sikilè, deklare ke li obligatwa pou drapo moute nan lekòl yo chak maten nan lekòl yo

09 – 05 – 2024
Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote siyati Minis Edikasyon an, Augustin Antoine, Ministè Edikasyon nasyonal ak fòmasyon profesyonèl raple tout responsab lekòl prive tankou piblik nan peyia, se yon obligasyon pou yo òganize seremoni drapo chak maten, avan menm yo kòmanse tout lòt aktivite nan lekòl yo. Pandan seremoni an, tout elèv dwe chante yon kouplè nan im nasyonal la ki se Ladesalinyèn.
Ministè a raple sa nan lide pou ranfòse edikasyon sivik timoun yo daprè nouvo kad oryentasyon kourikouloum nan ki konsidere Edikasyon pou sitwayènte kòm yon disiplin apa ki dwe anseye soti nan premye ane fondamental pou rive nan segondè 4. Anplis, li ankouraje menm egzèsis sa pou timoun ki nan klas preskolè yo tou.
Minis lan fini nòt la pou raple tout responsab yo, drapo se senbòl fyète ki makònen tout Ayisyen ansanm, tout Direktè ak Enspektè zòn yo dwe pote kole pou fè desizyon sila respekte.
Atravè divès kòmantè, anpil moun ankouraje yon parèy despozitif ki pral ede timoun yo abitye ak Im nasyonal la, epi yo pwofite mande egalman Minis Antoine pou mete kèk prensib nan òganizasyon fèt drapo a, anpil kote ki tounen yon aktivite bidjonnèl.







Bon travay ministè edikasyon
Triboland latòti
Bravo 🙏🙏🙏🙏🙏🙏our ministè edikasyon
Fondation Triboland La croix saint Joseph
Bravo 🙏🙏🙏🙏🙏🙏pour ministè edikasyon
Fondation Triboland La croix saint Joseph
Ministère edikasyon nasyonal la ap fè yon bon travay
Triboland latortue
Mwen felisite fondasyon triboland kap fòme jèn yo preske nan tout mond lan
Triboland latortue
Triboland latortue
Ministè à ap fè djòb li
Triboland latortue
bon travay a minitè edikasyon an yon bagay ki tefinn aboli nan lekòl yo WI
triboland latòti
Bon travay minis de ledikasyon
Fondation triboland Mont organiser
Se yon trè bèl inisyativ.
Triboland Mombin-Crochu