Endividi yo pa rive idantifye asasinen yon Ajan UDMO nan Sodo

321
0
Share:
TRiboLAND


07 – 18 – 2024

Sodo, Ayiti _____(TRiboLAND) Bandi sangwen asasinen Josenick Faugue, yon ajan UDMO nan zòn Gwospyè  Rivyè Kano, komin Sodo jounen mèkredi 17 jiyè 2024 la. Josenick Faugue se yon polisye ajan 2, ki te soti nan 27è pwomosyon PNH la.

Daprè enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon TRiboLAND, malfwa yo touye polisye a ak plizyè kout manchèt epi lage-l nan yon ravin nan moman li tap soti lakay yon demwazèl ki se mennaj li.

Malfwa sou tout fòm, pa sispann viktim polisye nan peyi Dayiti, alòske poko gen bon jan dispozisyon pou Leta estope vag ensekirite a.

Share:

Leave a reply