FUTRAH : me yon ti rapèl sou dosye gaz la

1,252

Front Unifie des Transporteurs et des Travailleurs d’Haiti (FUTRAH),ap raple pou tout moun avan asasina prezidan Jovenel Moise sou ka bann lakay li devan G madanm li ak tout pitit li yo, men kòman moun te konn achte yon galon gaz nan peyi dayiti:

Gazoline = 201 goud/ gal.

Dyezèl. = 169 goud / gal.

Kewosèn = 163 goud/gal.

9 desanb 2021 Novo pri galon gaz la gaz sou mache lokal la:

Gazolin = 250 goud/gal.

Dyezèl. = 353 goud/gal.

Kewosèn = 352 goud/gal.

Septamb 2022, nan mwens ke 10 mwa gaz la pase soudo mas pèp la:

Gazolin: = 570 goud/ gal. sa vledi nan mwens ke 10 mwa gouvènman defakto Ariel Henry an, SENDIKA KÒ GWOUP la, GWOUP de Bourdon plis tout ti esklav lakou sistèm lan mete sou galon Gazolin lan =369 =183.5% sou Gazolin lan yon sèl kou

Dyezèl: 670 goud/ gal.sa vledi nan mwens ke 10 mwa gouvènman defakto Ariel Henry an,SENDIKA KÒ GWOUP la, GWOUP de Bourdon plis tout ti esklav lakou sistèm oligak kowonpi kriminèl kanibalis yo mete sou galon Dyezèl la
501 goud nan mwens ke 10 mwa ki = 296.5% sou galon Dyezèl nan yon sèl kou

Kewosèn: 665 goud/gal.sa vledi nan mwens ke 10 mwa gouvènman defakto Ariel Henry, SENDIKA KÒ GWOUP la, GWOUP de Bourdon plis tout ti esklav lakou sistèm oligak kowonpi kriminèl kanibalis yo mete soudo mas pèp la 496 goud/gal. Kewosèn =307.9%,nan yon sèl kou

Pèp ayisyen an an nou repete men m pawòl Dessalines te repete lèl te sòt mate rebelyon moun nan Sid yo , si pèp nan Sid pa revolte konnen yo pa moun, ebyen se sa mouche Ariel Henry di pèp ayisyen an, nan sans sa nou dwe leve kanpe kont sistèm oligak, kowonpi, kriminèl, kanibalis pese souse a, lendi, madi, mèkredi, jedi ak vandredi se grèv jeneral li ye TonTon…nap bay bout tèren ak gouvènman Ariel Henry an,SENDIKA Kò GWOUP la, GWOUP de Bourdon plis tout ti esklav lakou sistèm lan, youn di lòt…

POU OTANTIFIKASYON TEX LA :

Montès JOSEPH, Coordonnateur Général Front Unifie des Transporteurs et des Travailleurs d’Haiti (FUTRAH), Tel: 509 36008549/ 33113185,email: montesjoseph115@gmail.com

Comments are closed.