Moun Leyogàn leve kanpe kont ensekirite a, yo di zòn nan pap tounen tèritwa livre

08 – 21 – 2024
Leyogàn, Ayiti _____(TRiboLAND) Moun Lewogàn leve kanpe jounen mèkredi 21 dawout 2024 la kont ensekirite; divès manm nan sosyete sivil la ki gen nan tèt li madam Viviane Gauthier di Lewogàn pap tounen yon tèritwa livre. Divès moun ki te soti Gresye pwofite okazyon sa, mande dirijan yo poze aksyon kap pèmèt popilasyon sispann viv tankou prizonye nan pwòp peyi li.
Daprè deklarasyon divès aktè, site Anakaona a, ki se yon vil ospitalye pap alonje lis tèritwa livre yo. Pou sa, nou tout ap lite pandan nap fòme yon blòk pou batay kont sa. Vis Delege Pierre Fortuné ak militan politik Romane Pierre kritike mank efikasite eta dijans sekiritè gouvènman defakto Garry Conille lan, ki pa bay oken rezilta epi mande PM lan chanje estrateji pou ede peyia.
Plizyè dizèn moun te reponn prezan nan okazyon komemorasyon 233è anivèsè premye soulèvman jeneral esklav yo, epi pwofite voye gwo mesaj bay tout sansal ki gen entansyon vin simen latwoublay nan site Anakaona. Bwa kale pou tout bandi kap teworize popilasyon an! Nap mete tèt ak Lapolis pou-n ban nou sa nou merite nan Lewogàn, se deklarasyon plizyè konpatriy manifestan ki te mete gro chalè sou beton vil Leyogàn nan.







Mwen salye tout ekip Triboland
Non Pam se Josna
Fondation Triboland Wo moustiques
Bon travay moun Leogane pask se Nou pa leve kanpe leta konsène yo pa fè anyen Pou Nou
Triboland latortue
Si tout fwa yap manifeste yo pa gen gwo zotobre yo ave c lave men siye ate
triboland latortue
Ny weekly This is really interesting, You’re a very skilled blogger. I’ve joined your feed and look forward to seeking more of your magnificent post. Also, I’ve shared your site in my social networks!