Abitan kap viv nan seksyon kominal yo nan Tigwav ap andire gwo problèm sechrès ak plantasyon yo.

1,041

03-15-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan kad yon vizit TRiboLAND media fè nan divès seksyon kominal Tigwav tankou: 1è, 2è, 3è ak 4è seksyon maten madi 15 mas 2023 a; sitiyasyon sechrès ou van sèk kap baleye diferan lokalite sa yo se plenn nan kè! Peyizan yo fè konnen yap andire gwo pwoblèm van sèk, akòz lapli ki pa jam tonbe; konsa, se nan dòmi yon kapab wè sa ki rele fè plantasyon.

Abitan yo deklare, sitiyasyon sa a, agrave pi plis toujou lavi peyizan yo; lapli ki pa jam tonbe, pa pèmèt oken plantasyon pwa ak mayi reziste. Konsa, malgre yo deja fè preparasyon tè yo, sepandan van sèk pa sispan”n soufle epi boule ti pye plantil abitan yo ki te deja nan soufrans.

Ti agrikiltè peyizan yo ki te gentan plante pwa ak mayi, pa espere jwen anyen aprè tout lajan yo fin depanse nan achte jounen byen chè pou prepare tè a daprè sa yo rapòte.

Nap fè remake, sitiyasyon peyizan riske vin pi konplike nan kèk jou kap vini yo fas ak lapli a ki pa jam vle tonbe pou ti peyizan yo fè jaden yo, sa ki deja ogmante volim mizè, grangou a nan kò abitan yo.

Nap raple, agrikilti mache ak irigasyon, li se baz blòk motè ekonomik nan tout peyi kote moun tèt dwàt ap dirije.

JOICY Arnold

Comments are closed.