Direktè lekòl Nasyonal Miks nan vil Gran Gwav, denonse movèz kondisyon fonksyonman enstitisyon an.

137
0
Share:
TRiboLAND


06 – 10 – 2024

Gran Gwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nesly Baptichon, se non direktè lekòl Nasyonal Miks nan vil Gran Gwav la, ki denonse nan yon ti bat bouch ak laprès lendi 10 jen 2024 la, movèz kondisyon fonksyonman lekòl la.

Selon direktè Nesly, absans mobilye, materyèl, rediksyon efektif, anseyan yo pa touche atan; mete sou sa, lokal enstitisyon nan yon sitiyasyon delabreman, lè lapli tonbe se yon tèt chaje, lè solèy se yon lòt pwoblèm, se kèk pwoblèm li di yap andire nan lekòl Nasyonal Miks Gran Gwav la depi yon bon bout tan.


Yon lòt kote, direktè Nesly Baptichon deklare, se yon bon bagay lè ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon profesyonèl mande tout direktè lekòl piblik yo pou enskri elèv yo anliy, men se pandan, ministè a pa dote yo materyèl entèlijan pou yo fè travay la. Konsa daprè li, ti salè mèg leta bay anseyan yo, pa pèmèt yo jwen ase mwayen pou yo posede yon telefòn entelijan, pandan l mande ankadreman pou tout direksyon lekòl nasyonal yo atravè peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply