Esnpektè Dorius Docilma kritike konpòtman elèv NS4 yo pou move pratik devègonde yo afiche nan komin Senlwidinò.

08 – 09 – 2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon nòt pou enstitisyon etatik yo, enspektè Dorius Docilma kritike konpòtman elèv NS4 yo ki afiche yon movèz konpòtman nan sosyete nòlwizyèn nan jou kite 08 out 2024 la.
Enspektè general meri a, montre pratik bann rara, inifòm tou chire, ekri yon pakèt eslogan endesan se yon move egzanp ak yon gro souflèt pou sektè edikatif la nan sosyete a.
Enspektè Docilma mande paran yo ak enspeksyon eskolè ak tout otorite yo nan komin Senlwidinò, pou siprime pratik briganday elèv yo ki sot konpoze, chire inifòm yo, mete bann rara nan lari, simaye yadyad ak tout kalite eslogan ki bay moun men nan machwè. Elas! Timoun jodi, gramoun demen, nou tout nou responsab!







Bnswa Dg loulou
Triboland latortue fonkiyez
Triboland la tortue montry
Yonn nan bagay elèv yo te dwe mete an pèspektiv.
Seke demen yo pral bezwen nan gwo pòs nan peyi ya.
Men gen de bagay ou afiche jodi a ki pral sèvi kòm echèk pou yo.
Donk se pou yo veye sou konpòtman yo
Elinès Vincent
Wo Moustik
Yonn nan bagay elèv yo te dwe mete an pèspektiv.
Seke demen yo pral bezwen nan gwo pòs nan peyi ya.
Men gen de bagay ou afiche jodi a ki pral sèvi kòm echèk pou yo.
Donk se pou yo veye sou konpòtman yo
Elinès Vincent
Wo fondasyon triboland Moustik