Biden pa reyèlman enterese nan moman sa, voye yon fòs militè anndan peyi Dayiti

462

B07/15/2021

Wàchennton______(TRiboLAND) Nan yon tweet ke li fè, jounalis ayisyèn-amerikèn ki akredite nan Maison Blanche, Yamiche Alcindor, deklare selon Pwezidan Ameriken an, voye troup nan peyi Dayiti se pa bagay ditou ke li anvizaje fè nan konjonkti aktyèl la.

Sou kont twitter li, Alcindor rapòte desisyon otorite amerikèn yo ki ta pwefere voye marin antre sou lil la pou senpleman pwoteje espas anbasàd amerikèn nan pito. Yon lòt fwà ankò, malgre pèsistans otorite ayisyèn yo kap mande wàchennton bourad, peyi Etazini pa genyen entasyon voye yon fòs militè nan peyi Dayiti.

Comments are closed.