Yon manm kle nan kan gang G9 bwè dlo bouch li.

1,473

11-25-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Serge Junior Alectis alyas , se non yon bandi kle ki kantone nan kan kò gang ki rele G9 ak alye, (manyen youn manyen tout), ki tonbe anba bal bandi parèy li nan fenjounen vandredi 25 novanm 2022 a nan zòn metropolitan kapital la.

Nan yon dyèl ki mete fas-fas, gang G9 e alye manyen youn manyen tout, ki genyen nan tèt li chèf gang Jimmy Cherisier alyas “Babecue” ak yon lòt gwoup manm gang parèy li nan katye “Tokyo”  ki genyen nan tèt li, Chalet; konsa, Ti Junior, chèf bandi zòn Lasalin e sangwen ki gen repitasyon “dan di”, arive bwè dlo bouch li anba bal Chalè byen ta nan fen jounen vandredi 25 novanm 2022 a.

Li enpòtan pou konnen, 2 group gang sa yo pase plis ke 60 minit ap boukante kout zam, sa ki lakòz gro vant panik te anvayi plizyè kwen nan kapital la.

Enfòmasyon yo fè nou kwè ke, chèf gang G9 la, Barbecue ta pran bal.Yon dosye enteresan ki mande swiv!

Comments are closed.