Ajan polis minisipal yo nan komin Senlwidinò poze lapat sou 2 gwo koure.

909

01 – 21 – 2024

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Ajan polis minisipal yo nan komin Senlwidinò mare kou krab Faniel alyas “Bout Djed” ak “Boulpik” ensikoni, respektivman nan zòn Pye Pon sou fon Rivyè Dèba ak nan zòn Pak Nelson Petit-Frère nan lanwit pou sòti samdi pou rive jounen dimanch 21 janvye 2024 la.

Enfòmasyon nou rive rekeyi sou kont Facebook Topvens info News ta fè kwè, gwo koure ki pote non “Bout Djed” la tap opere nan yon gang trè koni nan komin nan, ki dapwè menm gwo koure sila ta pral tante retire lavi kòdonatè kazèk 3è seksyon komin Senlwidinò a.

Kanta pou Boulpik, ajan polis minisipal yo kap miltipliye operasyon lanwit kon la jounen nan komin nan, ta ka poze lapat sou li ak gwo kagoul nan tèt li nan kase kay malere ak malerèz.

Antouka, “Bout Djed” ke PNH tap chèche kou chen fou nan depatman Nòdwès peyia, twouve li nan moman nap pale la a, anba kòd ragagann nan komisarya komin Senlwidinò a.

Nap raple “Bout Djed” sèvi entèmedyè pou pi gwo tonton chèf gang Kokorat San Ras (Bòs Kap Tchil”, kap opera nan zònn Ti Bwadòm.

Comments are closed.