John Wesly Delva ranpòte Konkou Entènasyonal Poyezi Inivèsite Sorbonne nan

396

Pòtopwens____(TRiboLAND) Jounalis ayisyen John Wesly Delva ranpòte 19 èm edisyon konkou Poyezi Entènasyonal nan Inivèsite Sorbonne nan peyi Lafwans.

Se avèk anpil jwa lè anons lan te poste sou paj Facebook Mesye Delva ki jistifye viktwa pyès poyetik li a ki gen pou tit “Mots crevés”. Pyès literè sa, te jwenn gwo benediksyon juri pwofesyonèl Inivèsite Sorbonne la nan peyi Lafwans.

Jounalis RTVC la kap etidye “kominikasyon” ak “politik” nan peyi Kanada fasilite yon bèl imaj fyète pou Ayiti nan yon kontèks kote ke peyi a ap plonje nan enkonpetans ak kriz djak sou djak.

Comments are closed.