Nouvo bilan gwoudou gwoudou Gran Sid la : 1419 mò, 6900 blese e 37, 312 kay kraze dapwè Pwoteksyon Sivil

1,107

08/17/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon dènye bilan ke li pibliye lendi 16 out 2021 an, sou dega gwoudou gwoudou 14 out la pwovoke, gouvènman ayisyen fè eta de 1419 mò ki resanse pami yo ou jwen : 1133 pou depatman Sid, 162 pou Grandans, 122 pou Nip e 2 pou Nòdwès; 6900 blese, dapwè Doktè Jerry Chandler, direktè Pwoteksyon Sivil.

Ajoute ak sa, Chandler rapouswif pou l di ke dega materyèl yo pa piti. Konsa, yo anrejistre 37, 312 kay ki kraze, 25 enstitisyon medikal ou sanitè resevwà gwo pataswèl. Li raple ke ekip kap pote sekou yo toujou ap miltipliye efò rechèch yo, yon fason pou boske ou rabàt sa yo ki an difikilte.

Comments are closed.