Otorite yo dekouvri plizyè kò san vi bò yon plaj nan Ba Lenbe

07 – 21 – 2024
Ba Lenbe, Ayiti _____(TRiboLAND) Otorite lokal yo nan Ba Lenbe jwenn plizyè kadav bò lanmè a jounen dimanch 21 jiyè 2024 la.
Plizyè nan moun sa yo vin chwe bò lanmè a abò yon kakas batiman, sa ta pral pouse otorite lokal yo lanse alèt bay lòt otorite nan department Nò pou mande moun ki te gen fanmiy yo nan bato ki te koule 18 jiyè pase a, vin verifye si yo gen moun pa yo nan kò san vi yo jwenn yo.
Ant yè samdi ak jodi dimanch lan, otorite yo deja jwenn 9 kadav pami yo 6 gason ak 3 fanm. Nap raple pou tout moun kap swiv jounal la, nan dat 18 jiyè a gen yon bato ki te anbake Okap ki ta pral Provo ki te pran dife.

Malgre alèt ki te lanse pou idantifikasyon kadav yo, otorite yo te oblije deside antere kò san vi yo ki tap gate bò lanmè a nan yo gro tou. Nap raple, daprè responsab ONM yo, gen anviwon 40 moun sou 80 yo pat jwenn ki te abò bato a.






