Sendika kap defann anplwaye OAVCT yo mande pou Direktè Fritzner Bernadel depoze bidjè 2023 – 2024 la, yon fason pou finans ka apwouve-l

1114
1
Share:
TRiboLAND

07 – 17 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _______(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès sendika kap defann anplwaye OAVCT (SED OAVCT) yo bay jounen mèkredi a, mande Minis Ekonomi ak Finans lan pou apwouve bidjè rektifikatif 2023 – 2024 la yon fason pou ogmante salè inifòm ak likidasyon pansyon nan bwat la.

Daprè Alexis Bathol ki se Vis Prezidan sendika kap defann anplwaye OAVCT yo, se pa revoke ou ranplase Direktè Jeneral ki enterese yo, men pito kreye bon jan mwayen pou anplwaye travay yon fason pou bay popilasyon an sèvis.

Anplwaye OAVCT yo tout fwa, fè konnen yo yon ti jan satisfè pou revandikasyon ajisteman kat debi a soti nan 5 000 Goud rive nan 15 000 Goud, men li ekstrèmman enpòtan pou Direksyon Bernadel la fè tout sak nesesè pou depoze bidjè rektifikatif la yon fason pou finans ka apwouve-l.

Anplwaye OAVCT yo fini pou di, yo swete gouvènman defakto Garry Conille lan retabli sekirite nan peyia, yon fason pou enstitisyon yo kapab bay popilasyon an sèvis.

Share:

1 comment

Leave a reply