Andepi tout pwoblèm ak kalamite pèp ayisyen an ap viv, manm KEP yo ap vanse ak ajennda yo ak tout boulenn.

478
0
Share:
TRiboLAND

03 – 02 – 2025

Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Aprè faz rekritman, korepsyon, se piblikasyon rezilta yo ak lansman pwosesis enstalasyon manm biwo referandè depatmantal la ak kominal yo kap fè chemen yo atravè 14 komin depatman Grandans lan.

Jou ki te samedi premye mas 2025 lan, tou swit aprè piblikasyon rezilta definitif yo, 2 manm pou biwo referandè depatmantal Grandans lan, ak pou 14 komin depatman an, se te faz prestasyon sèman ak enstalasyon yo.

Pou te demare, se te tou pa komin Pestel, Bomon, Wozo, Koray ak zile Kayimit; e se Direktè kabinè prezidan konsèy elektoral pwovizwa a, enjenyè agronòm Pierre André Paul, akonpaye ekip li ak otorite jistis, lapolis ki te pwosede ak enstalasyon yo.

Pwosesis yo dwe avanse bò kote rès komin depatman an, ak 2 manm BRD yo ki genyen pou prete sèman devan Dwayen tribinal premye enstans jeremi an, mèt Finiray François. ‎

Share:

Leave a reply