Plis pase yon dizènn moun blese nan yo lòt aksidan ki fèt sou nasyonal nimewo 7 la.

0 367

Yon gwo aksidan fèt apwè midi jodi Dimanch 18 Dawou 2019 la nan zònn Kafou Bwèt sou wout nasyonal nimewo 7 la, selon yon sous “Stop Accidents”.

Dapwè divès pasajè ou temwen temwen, ta sanble ke bis sila ki pote non “Passion” tap soti Pòtopwens pou rantre Pestel lòske chofè-a tap trese lèl nan chèche jwenn fwen e pèdi kontwòl kamyon ki kandale tonbe nan yon ravenn ki okazyone yon dizènn moun ta blese.

Konsa, avèk konkou anpil sitwayen ki gen konpasyon, blese yo pat pwan tan pou twanspòte nan lopital Sent Ann kap feraye nan komenn Kan Peren, kèlke kilomèt vil Okay. Sepandan otorite lokal yo pa fè eta de moun ki mouri.

Jacob Bendallahm, TRiboLAND

Leave A Reply