Nòdès: Opozisyon Fò Libète a andalase aktivite referandòm KEP la jodi samdi 12 jwen 2021 an.

514

06/12/2021

Fò Libète_____(TRiboLAND) Nan kad mouvman pwotestasyon kont referandòm konstitisyonèl gouvènman defakto PHTK a, opozisyon Fò Libète a nan depatman Nòdès la ensiste pou yo konte yo pami sa yo ki kanpe ankwà fas ak maskarad referandòm lòbèy Jovenel Moise la.

Bouskilad, kontre kòn, fwape, tire kout chèz se pami yon seri eskonbwit ki mete yon pwen final nan tantativ rankont ant Konsèy Elektoral Pwovizwa ak popilasyon Fò Libète a ki sanble bat tenèb ak koukouwouj dèyè diferan manm ak reselè pouvwa PHTK a.

Nap sinyale malgre prezans polisye nan moman rankont lan, plizyè militant aktif nan kanton an te plis ke detèmine pou ale odela yon fason pou yo te andalase avèk evidans konstitisyonèl responsab KEP yo ki pat pran tan pou kraze rak.

Comments are closed.