Léon Charles konfime lanmò 4 polisye ak 8 lòt blese grav nan operasyon PNH la, nan Village de Dieu

307

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Aprè katastròf operasyon krab malzorèy PNH la nan Village de Dieu a, ki okazyone lanmò 4 malere polisye san konte 8 lòt ki blese gravman grav, direktè jeneral a.i. Polis Nasyonal la, Léon Charles bay yon konferans  jodi samdi 13 mas 2021 an kote ke li retrase teyàt operasyon an ak prezantasyon senpati bay tout fanmiy polisye viktim yo.

Nan yon konferans pou laprès, Léon Charles denonbre apeprè 12 viktim nan kan PNH la; pami yo 4 mò ak 8 blese ki te transpòte lopital. Genyen 5 nan blese yo ki te deja jwen asistans medikal e menm arive antre lakay yo.

Direktè a ki t’ap fè yon pakèt trese lèl sou kadav polisye yo ki te toujou nan men bandi yo nan Village de Dieu, pat kache detèminasyon li pou kontinye raswiv bandi sangwen yo ki nan dènye jou sa yo entansifye atak yo kont diferan kouch nan sosyete ayisyèn nan.

Antouka, pandan plizyè otorite Gran Toryan ap fè pelerinaj “c’est ma faute,” devan lakay viktim yo, Léon Charles deklare “pas question pou PNH la bese ba devan group gang ke li rele teworis san fwa ni lwà.

Comments are closed.