Majistra Ralph Moreau libere Pon Twa Rivyè: machann yo mande yon vrè solisyon pou kontinye fè komès

07/22/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèri Pòdpè, anba direksyon Majistra Ralph Moreau, mennen yon operasyon lendi 20 jiyè 2026 la pou retire machann ki t ap vann sou Pon Twa Rivyè a. Desizyon sa a, daprè otorite yo, pran pou diminye gwo risk aksidan ki egziste sou pon an, kote veyikil ap monte desann san rete. Prezans machann yo sou pon an te vin reprezante yon danje ni pou yo menm ni pou chofè ak pyeton k ap itilize wout la.
Pandan operasyon an, plizyè machann te dakò kite espas la san gwo konfli. Men, yo pa t rate okazyon an pou eksprime mekontantman yo kont kazèk zòn nan. Daprè deklarasyon kèk nan yo, kazèk la ta bay plizyè moun otorizasyon pou konstwi nan zòn nan, pandan yo menm pa jwenn okenn espas apwopriye pou vann machandiz yo epi kontinye chèche lavi.
Machann yo lanse yon apèl bay Majistra Ralph Moreau pou revize sitiyasyon mache ki chita nan antre Polen an. Yo kwè si espas sa a ta reyòganize epi mete nan bon kondisyon, sa t ap pèmèt yo deplase komès yo nan yon kote ki pi an sekirite, san yo pa oblije okipe pon an. Yo mande otorite minisipal yo pou pran mezi ki pa sèlman libere espas piblik yo, men ki ofri tou altènativ reyèl pou ti komèsan yo kontinye viv ak diyite.






