Plizyè sitwayen manifeste nan 3è vil peyia pou egzije arestasyon ansyen Komisè Gouvènman Okay la, Mèt Ronald Richemond

07 – 05 – 2024
Okay, Ayiti _____(TRiboLAND) Divès sitwayen manifeste jounen vandredi 05 jiyè 2024 la, pou mande arestasyon ansyen Komisè Gouvènman Pakè Okay la, Mèt Ronald Richemond kèk jou aprè revokasyon-l.
“Arete Ronald Richemond”, se deklarasyon pwotestatè yo pandan moman sòlòkòtò a. “Ansyen Komisè a touye tout kalite moun”, tankou : diaspora, jounalis, machann, pou-n site sa yo sèlman. Okay vann moun, men li pa janm bay papye. Si kouri pat gen bouke, yo patap kenbe-w nan vòlò ak asasen.
Moun yo mande Minis Jistis la, Mèt Carlos Hercule pou aji vit sou ka asasen sa ki tap teworize popilasyon an. Pi mèyè kote pou yon moun tankou Ronald Richemond, se nan prizon, daprè kèk protestasyon.