Premye Minis Garry Conille chita pale ak peyi zanmi Ayiti yo

171
0
Share:
TRiboLAND


06 – 06 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) PM Garry Conille chita pale ak reprezantan peyi ki di yo se zanmi Ayiti yo, jounen mèkredi 05 jen 2024 la. Nan rankont sila, PM lan remèsye solidarite peyi sa yo, e li tou pwofite pale sou veritab misyon li nan tèt Primati a.

Montaj gouvènman ap chita anndan akò 03 avril la, aksyon gouvènman pral chita sou : sekirite, amelyorasyon kondisyon pèp la sou plan sosyal ak ekonomik, sekirite alimantè ak sanitè, konferans Nasyonal, Leta dedwa, refòm konstitisyonèl ak òganizasyon eleksyon yo

PM lan mande pou peyi zanmi Ayiti pote kole, yon fason pou rann posib santye sila.

Share:

Leave a reply