Lapolis kraze yon sit-in ki t’ap reklame jistis ak sekirite

379

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Plizyè santènn sitwayen ki soti nan divès sèktè nan vi nasyonal la rasanble jodi lendi 29 jwen 2020 an nan yon sit-in devan Ministè Jistis ak Sekirite Piblik pou egzije responsab yo bay moun ki viktim anba ensekirite jwenn moso jistis.

“Nou vle viv! Nou gen dwa,” se anba slogan sa ke pwotestatè t’ap denonse klima ensekirite ki rann lavi ensupòtab atravè peyi a, patikilyèman nan Pòtopwens. Avèk plisyè pankat e bandwòl, sitwayen yo tap denonse san vyolans, zak asasinay repinyan ke peyi a ap konnen nan dènye jou sa yo. Yo lonje dwàt sou ministè Lajistis ki pa kapab delivwe yon klima lapè e fasilite kondisyon pou viktim yo jwenn jistis.

Yon siti-in ki ta pràl kraze avèk entèvansyon fòs espesyalize PNH yo tankou CIMO ak BOID ki pat ezite lanse gaz lakrimojènn pou dispèse protestatè yo ki te genyen kèk pèsonalite byen koni tankou, sekretè egzekitif RNDDH la, ekonomis Etzer Émile pou nou site sa yo sèlman.

Comments are closed.