Federasyon Sendika travayè elektrisite Dayiti yo rekòmande gouvènman pou kreye estrateji finansman pou reponn ak difikilte pèsonèl yo

269
0
Share:
TRiboLAND



06 – 18 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Federasyon Sendika Travayè Elektrisite Dayiti yo (FESTRED’H) mande gouvènman PM Garry Conille lan pou kreye kondisyon finansman pou pèsonèl yo, ak fè mentnans nan diferan santral elektrik nan peyia. EDH gen yon dèt anvè anplwaye yo ki se 5 mwa, ki nesesè pou yo jwenn malgre tou yo toujou vin travay.

EDH gen lajan nan lari a ki evalye 25.2 milya Goud. Lajan sa se enstitisyon etatik yo, sektè prive a, aktout patikilye kap pran sèvis nan EEH, si yo al chèche lajan sa yo yap ka peye yo epi gade tout sa ki nesesè pou yo ranfòse sistèm lan. Menmsi se 5 milya ki antre nan lajan sa, lap ka fè anpil bagay, daprè Félix Pierre Michel ki se Vis Prezidan FESTRED’H.

Manm Federasyon Sendika Travayè Elektrisite Dayiti yo mande gouvènman an, pou repati a zewo pou EDH kapab pase vitès kwazè nan bay popilasyon an bon sèvis paske nan tout peyi nan mond lan elektrisite vle di sal vle di a. ‎

Share:

Leave a reply