Komisyon Episkopal Jistis ak Lapè dyosèz Pòdepè denonse fenomèn ensekite ak kidnapping nan

293

12\13\20

Pòtopè____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès jounen lendi 14 Desanm 2020 sa a, komisyon episkopal Jistis ak Lapè dyosèz Pòdepè denonse yon lòt fwa ankò fenomèn ensekirite ak zak kidnapping nan li di ki pa sispann ogmante nan peyi Dayiti, prensipalman nan depatmantal Nodwès la kote bandi ak zàm pa sispann simen dèy nan mitan population sa a.

Administratè Komisyon Jistis ak Lapè dyosèz la, Azarias Dubreus ,ki t ap drese yon tablo tris sou sityasyon dwa moun nan peyi Dayiti, anpatikilye nan Nòdwès, lonje dwèt jouda sou konpòtman otorite lajistis yo li di k ap pran gwo magogo lajan anbachal pou libere bandi yo.

Komisyon an denonse tou kondisyon difisil prizonye yo ap viv anndan prizon sivil Pòdepè a e pase men pran lòt bò administrasyon Jovenel Moïse li di k ap dirije peyi dayiti an gwo ponyèt anba grenn je kominote entènasyonal la ki pa janm di yon mo.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.