Yon prizonye mouri dwòl nan yon soukomisaryà nan Ti Gwàv la

1,266

03/29/2022

Ti Gwàv____(TRiboLAND) Ponchon Charles, se non yon prizonye ke yo jwen mouri ak yon kòd pit nan kou li anndan soukomisaryà Vyalè a, vil Ti Gwàv nan swàre dimanch 27 mas 2022 a.

Selon enfòmasyon yo, se jij depè supleyan Vyalè a, Delicio Vernevil ki konfime lanmò prizonye a e remèt li bay yon mòg prive aprè konsta legal yo.

Nan sans sa, fanmiy ak zanmi Ponchon ki pa wè klè nan sak pase a, mande yon ankèt pwese pwese sou sikonstans ki antoure lanmò defen an.

Comments are closed.