Abitan kap viv nan 7ème seksyon Platon kominal Tigwav ap andire gwo problèm sante depi plis pase yon lane.

1,291

11-23-2022

Tigwav, Ayiti____(TRiboLAND) Abitan kap viv nan 7èm seksyon kominal Tigwav, nan yon entèvyou ak (TRiboLAND) jounen madi 22 novann 2022 a, pa mete dlo nan bouch yo pou denonse gwo problèm sante yap fè fas depi yon lane.

Peyizan yo ki plenyen apil akoz sèvis de baz yo ki pa janm rive bò kote yo, yo fè konnen, yo genyen tisant sante ki pa mèm kapab satisfè yon popilasyon de 35 mil abitan, aloske li fèmen depi plis pase yon lane.

Abitan yo ki presize chak fwa yon abitan malad, li oblije mache plis pase 35 kilomèt pou ale swa Fondènèg ou byen Fondèblan nan depatman Nip peyi a, yon fason pou yo jwen yon ti mòso la sante ka yo nesesite.

Sitwayèn, sitwayen yo ki kritike lidè politik yo, yo di ki toujou fè gwo sakrifis, anba lapli, anba solèy, van, pafwa yo manje bwè avèk yo, pou kapab mande yo vòt yo nan seksyon riral yo, kou yo fin eli yo pa janm retounen vòt yo a bayo.

Nan sans sa a, peyizan yo mande otorite yo nan ministè santé piblik ak popilasyon atravè leta lokal ak santral yo pou voye ouvè sant santé a san pèditan epi mete doktè ak enfimyè yon fason pou fasilite yo jwen swen ka yo nesesite chak fwa yo malad.

Nap fè remake, 7èm se pi gran seksyon nan komin nan, ki pa genyen yon lekòl nasyonal, li genyen 20 grand abitasyon, li sitiye anviron 30 kilomè vil la, li genyen yon Fò ki rele “GARY”.

JOICY Arnold

Comments are closed.