“Collège Lesly H. Docteur” ranpòte premyè Edisyon jeni ekolojik ki te òganize sou lobedyans Eveche Pòdpè a

238
0
Share:
TRiboLAND

06 – 02 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) “Collège Lesly H. Docteur” ranpòte premyè Edisyon jeni ekolojik jodi dimanch 2 jen 2024 la, nan medyatèk Pòdpè a. Yon inisyativ ki òganize sou lobedyans Evèk Dyozèz Pòdpè a, Monsenyè Charles Peters Barthelus ki li menm depi li rive mete aksan sou Anviwonnman.

Final sila te mete anfas Collège Lesly H. Docteur ak Fatima. Ki te akse sou pwoteksyon anviwonnmantal, mòd jesyon, pwodiksyon, konpòtman sitwayen yo dwe genyen fas Anviwonnman, elatriye. Se ak anpil fyète elèv CLHD manifeste kontantman yo kap di tout sa konkou a pote pou yo.

Konkou ap fasilite anpil nan ti nosan  yo ou sitwayen devlope yon atitid ekolojik, selon patisipan yo. Yo rabt pou yo di ke patisipasyon yo nan yon parèy Konpetisyen ranfòse kapasite entèlèktyèl yo sou plan ekolojik ak fè nou konn kijan pou-n konpòte nou nan batay pou pwoteje Anviwonnman nou.

Responsab yo pat kache santiman satisfaksyon yo pou reyisit aktivite sila, ak felisite tout enstitisyon eskolè ki te patisipe nan yon sòlòkòtò ki vize sansibilize depatman Nòdwès peyia sou syans anviwonmantal.

Share:

Leave a reply