Benen: yon elefan touye yon medsen fèy

246

Borgou,Benen____(TRiboLAND) Madi pase yon gwo aksidan rive nan Benen. You pèsonaj arive jwen lanmò li anba britalite yon kolònn elefan, nan Dunkassa, nan komen Kalalé, depatman Borgou.

An aparans li genyen yon karantènn lane, Souley Gourouman se yon kiltivatè e yon medsen tradisyonèl ki t’ap chèche rasenn ak fèy bwa nan yon forè tou prè yon rivyè. Malerezman, Gourouman pantan sou yon group elefan ki te venn bwè nan rivyè a ki rele “Tassinnin”.

Gourouman arive pran nan yon pyèj avèk pachidèm yo ki sène li nan divès kwen. Youn nan elefan yo atake’l britalman e yo te oblije rekondwi’l nan lopital an ijans nan zònn Sounon Sero de Nikki, kote li finalman mouri. Nan lane 2013, yon trajedi parèy te egalman koze lanmò 3 moun, pami yo yon direktè lekòl nan Dunkassa.

Sepanda, kolonel-lyetnan Théophile Sinan Donwérou, chèf enspeksyon forestyè pou Borgou te alète popilasyon an sou yon stasyon radyo lokal de prezans yon elefan ki pèdi tèt li nan N’Dali. Malerezman, popilasyon an pat pran mesaj la oserye, e moun te kontinye ale nan forè a, tankou pat gen anyen.

Alò ke, kolonel-lyetnan Théophile Sinan Donwérou t’ap konseye popilasyon itilize metòd “fè bwi” ak “boule lansan piman” yon fason pou te repouse pachidèm yo.

Comments are closed.