Kolèj Charles Salomon nan Boden, òganize pou yon 6è fwa, yon defile ekstrawòdinè pou selebre 219è ane bikolò a.

2,640

05-19-2022

Boden, Pòdpè_____(TRiboLAND) Kolèj Charles Salomon nan Boden 1e seksyon sou komin Pòdpè, òganize pou yon 6è fwa, yon defile san parèy nan kad selebre 219è lane bikolò a.

Anviwon 2000 moun te sòti nan divès kontre atravè plizyè seksyon kominal, te pote kole nan kad manifeste rekonesans ak respè yo anvè drapo nasyonal la ki se senbòl libète peyi Dayiti. Gras ak leadership Charles Jean-Herard, ki non sèlman se responsab enstitisyon Charles Salomon an, men tou se youn nan manm KAZEK nan seksyon kominal Boden an.


Defile a te demare ak fanfa majorèt ki tap byen pase, anpil bèl koulè nasyonal ki ofri yon mozaik inik e san parèy, ploton kons`ene yo tap kadanse anba kout bagèt tanbou kata depi nan zòn anba Lapwent rive jis Karenaj pou al bout nan gro Otèl Breeze Marina a nan Boden.

Pou te mete fen ak aktivite fèt drapo a, msye Charles Jean-Herard mande ak Jenès la pou yo pran la relèv paske non sèlman aktivite fèt drapo a dwe fete men tou, nou pa dwe kite peyi a kraze. Nou se egzanp lavi demen!

Comments are closed.