Plis pase 9 moun enfekte nan kolera nan Abitasyon Boudo, Wo 12èm seksyon kominal Tigwav.

1,099

01-03-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Plis pase 9 moun enfekte anba epidemi kolera L’ONU an, nan Abitasyon Boudo wo 12èm seksyon kominal Tigwav. Se kaptè Hubert Hilaire ki anonse nouvèl la, nan kad yon entèvyou li akòde ak TRiboLAND media jounen madi 3 janvye 2023.

Kaptè Hubert Hilaire ki deklare kolera L’ONU an, genyen yon semèn depi lap frape peyizan yo avèk raj, gwo dyare vant fèmal ak dezidratasyon. Hilaire ale pi lwen pou li di ke peyizan yo pa menm genyen anyen pou yo manje, fas ak yon grangou ki mete fini lokalite a ajenou san konte mete sou  mikwòb kolera kap bwase bil popilasyon an.

 Èd kazèk la, esplike peyizan yo nan gwo difikilte chak fwa yo trape kolera, aloske yo pa genyen sant sante ki pou reponn ak bezwen yo ki pa piti. Abitan yo oblije mache plizyè kilomèt avan yo resi rive nan lopital jeneral Notre Dame Tigwav. Daprè Hubert Hilaire doktè yo, mis yo ap fè paran malad yo ekjijans pou achete lit sewòm soti 1,000 goud rive jouska 1.500 goud aloske peyizan yo pa genyen yon goud Lesco.

Tout fwa, kaptè Hilaire Hubert mande  Ministè Santé Piblik ak Popilasyon (MSPP) branch lokal Tigwav ak Santral, pou voye yon ekip ki genyen doktè, infimyè, medikaman, teknisyen pou flite kay moun ki enfekte nan kolera a, pandan li egzjje pou genyen yon ekip sansibilizatè pou ale sanbilize abitan yo, pou yo konnen ki meyè fòmil pou yo itilize pou lite kont kolera L’ONU a ki mete Abitasyon Boudo ajenou..

JOICY Arnold.

Comments are closed.