Nouvo Pwemye Minis defakto, Doktè Ariel Henry pwomèt yon klima sekirite djanm

549

07/21/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Apwè plis pase yon douzèn jou depi li te fin jwen benediksyon nominasyon ansyen pwzidan Jovenel Moise kòm pwemye minis, Doktè Ariel Henry finalman enstale e pwomèt pou li kreye yon klima sekirite djanm anndan peyi a.

Nan diskou enstalasyon ofisyèl li madi 20 jwiyè 2021 an, nouvo pwemye minis defakto a, deklare moman yo nwà pou Ayiti e se yon kontèks difisil; men pwomèt ke li pwàl miltipliye bwàs pou atake klima ensekirite a yon fason pou kapab fasilite òganizasyon eleksyon yo. Li pèsiste sou nesesite pou yon akò politik durab ant aktè politik yo pou retire peyi a nan angrenay sila.

Paralèlman, Claude Joseph ki te pwemye minis sòtan e ki te kouri pwan tèt peyi apwè asasinay pwezidan defakto Jovenel Moise la 7 jwiyè dènye, bat gwo ochan pou tèt dèske li te evite peyi a tonbe nan yon kawo. Ansyen lokatè pwimati a, rache yon lòt fwà ankò pòs minis afè lòt bò dlo; li pwomèt pou li kolabore ak nouvèl ekip pwimati a yon fason pou arive òganize eleksyon anndan peyi a.

Nap soulye, peyi Dayiti ap viv dràm sou dràm nan je rès monn lan. Se yon leta ki echwe, toutounen, maltrete, somalize anba mechanste yon seri kolon entènasyonal an konplisite ak lidè reselè ayisyen ki malfòme.

Comments are closed.