Nòdwès : yon machin antrepriz mòg “Lòm Pwopoz” chavire nan zòn Bono.

838


05 – 26 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon machin antrepriz mòg “Lòm pwopoz”, chavire kat wou anlè nan zòn Bono jounen samdi 25 me 2024 la.

“Lòm pwopoz”, se yon antrepriz ki gen anèks li nan tout depatman Nòdwès la. Pwopriyetè Tony Dolce kap travay pou bay tout moun ki gen ka lanmò sèvis ta sanble ta pral fè yon antèman nan zòn 5èm seksyon Bono kote ke machin mòg la tonbe fè loupinn nan zòn Mòn Van.

Se chak jou bondye mete mòd aksidan sa yo ap pwodwi nan komin Senlwidinò akoz sitiyasyon wout yo ki pa nan bon eta. Popilasyon an ap mande responsab travo piblik yo, si genyen nan depatman Nòdwès la, fè yon jan pou rezoud pwoblèm moun kap viv nan komin Senlwidinò ak Ansafolè pou yo santi lavi ak sekirite woutyè moun garanti.

Machinn mòg la, ranvèse 4 wou anlè avè 3 moun ki te abò li; gras bondye se 3 moun kite nan machin nan paske tout moun yo te gentan desanm soti nan antèman.

Comments are closed.