Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm yo voye yon mesaj senpatik bay tout manman yo nan okazyon fèt la.

905


05 – 26 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm nan, Madam Sofia Loréus, voye yon mesaj senpatik bay tout manman yo nan okazyon selebrasyon fèt yo a, jounen dimanch 26 me 2024 la.

“Manman se sous lavi, yo senbolize lanmou. Nou dwe yo lavi, yo merite lanmou ak afeksyon chak jou ki jou. Annou bay manman nou tout plas nou genyen nan kè nou! Nou dwe onore yo toutan. Mw wete chapo’m epi bese byen ba pou’m salwe tout manman”.

Li enpòtan pou konnen, malgre bèl mesaj minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm yo nan okazyon fèt la, sa pa anpeche manman yo kontinye ap vòltije gagè nan plizyè zòn nan depatman Lwès la akòz vyolans gang ame yo.

Comments are closed.