Miragwann: machinn pase sou yon endividi sispèk ki tap tante chape anba men lapolis

948

05 – 26 – 2024

Miragwann, Ayiti____(TRiboLAND) Yon endividi mouri krabinen apwè li tap tante sove anba men lapolis sou Wout Nasyonal numewo 2 a, apwè midi dimanch 26 me 2024 la, nan Miragwann.

Endividi sila ki te nan yon machinn piblik, kote li tap bay pasajè yo anpil pwesyon ak panik, pat pran tan pou te metrize anba minòt lapolis apwè ke pasajè yo te rele polis pou li.

Se konsa, li tap fè anpil wondonmon e menm te refize idantifye li jiskaske yo te oblije ale avèk li. Konsa, malgre minote abò yon machinn, li tante vòltije atè pandan machinn lan ap kouri; sibitman yon lòt machinn arive pase sou li e krabinen, fè timiyèt moso.

Comments are closed.