Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Miragwan nan, Jean Ernest Muscadin debake nan komin Gresye pou pote ranfò ak lapolis.

05 -13 – 2024
Gresye, Ayiti _____(TRiboLAND) Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Miragwan nan, Jean Ernest Muscadin nan tèt yon delegasyon akonpaye ekip polisye li, debake nan komin Gresye dimanch 12 me 2024 la, pou pote sipò li bay polisye yo ki pran annotaj ak bandi, kriminèl viv ansanm yo.
Komisè Miscadin ki akeyi pa popilasyon Gresye sou gwo poban aplodisman, kèk sitwayen ki pat gentan kouri kite komin nan, yo felisite komisè Miscadin pou jefò lap fè pou anpeche bandi sansal anvayi Gransid la, pandan yo deklare vini Miscadin an, bayo fòs pou kanpe goumen ak fòs lòd yo nan lide pou bay “Bwa KALE,” ou mete domi nan je sangwen, malfwa, kriminèl yo ki vle fini avèk yo.
Selon popilasyon an, genyen anpil nan bandi ‘viv ansanm ” yo ki tonbe anba bal fòs lòd yo ak anpil lòt blese, men sepandan yo poko konfime ki kantite.