Kowalisyon pou sove komin Tigwav, denonse CPT kap kalewès aprè yon mwa enstalasyon.

811

05-23-2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Ansanm òganizasyon debaz sosyo politik yo, nan yon konferans pou laprès jounen jedi 23 me 2024 la, pa manke mo pou denonse Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, (CPT) yo di, aprè yon mwa enstalasyon yo, yap make pa sou plas, pandan popilasyon pa sispann kouri kite kay yo anba bal bandi, sangwen ou kriminèl yo.

Yon mwa avan peryòd siklonik la, 2 mwa avan egzamen ofisyèl Bakaloreya yo, yon mwa aprè rantre anfonksyon yo, sitiyasyon an, vin pi anvlimen tankou maleng ki sou do cheval kap pote chay. Ansanm òganizasyon yo, deklare soti Kwadèboukè, pase pa Delmas, desann Matisan epi tonbe Mariyani ak Gresye kote direktè jeneral polis kalewès la, Frantz Elbé kite tèritwa sa yo pèdi malgre jefò kèk polisye ki pa nan move zafè.

Daprè sa responsab òganizasyon yo rapòte, soti 10 pou rive 11 me 2024 pase a, 4.363 moun deplase kouri kite kay yo anba bal bandi sangwen kriminèl yo, nan komin Gresye, selon yon resansman òganizasyon Entènasyonal (OIM) reyalize.

Sitiyasyon sila, lage plis grangou, vyolans, vyòl ak gwosès envolontè nan komin dakèy yo, pandan pa genyen lopital pou moun yo resevwa premye swen, li pa ni moral ni politik pou chak konseye ap garanti oubyen defann sektè politik yo reprezante a, men se enterè nasyon an ki dwe priyorite yo.

Comments are closed.