Endividi pèsòn pa rive idantifye krible ak katouch PDG antrepriz Graffiti a nan zòn Sant vil nan Pòtoprens.

850


05 – 22 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Regwoupman gang “Viv Ansanm” kontinye ap konte kadav nan kapital peyi Dayiti a. Endividi pèsòn pa rive idantifye krible anba bal PDG antrepriz Graffiti a, Gérald Léonidas jounen mèkredi 22 me 2024 la.

Dapwè enfòmasyon korespondan TRiboLAND rive rekeyi bò kote kèk manm nan popilasyon an, aksyon sa apase nan zòn Ri 6 ak nan zòn Avni N, nan Sant vil Pòtoprens.

Mesaj k’ap klèwonn yo ta fè konnen, Graffiti se yon biznis ki chita kòl nan zòn Ri Kapwa e ki okipe sèlman zafè materyèl elektronik, kopi, papye, foto pwofesyonèl, poun site sa yo sèlman. ‎

Comments are closed.