Pou pipiti 4 moun pèdi lavi yo san konte divès kay ki boule se bilan gang sangwen yo nan Tomazo.

814


05 – 22 – 2024

Tomazo, Ayiti____(TRiboLAND) Bilan atak gang sangwen yo bay gwo lawouli nan komin Tomazo. Pou pipiti 4 moun pèdi lavi yo, san konte divès kay ki boule se bilan vyolans nèg ak zam sansal yo nan Tomazo.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, se zak malonèt gang 400 mawozo yo ki genyen nan tèt li Lanmò 100 jou alyas “Bawon Plèn nan” k’ap fè tantativ pou poze lapat sou divès zòn nan komin Tomazo pami yo, Zòn Letan.

Nouvèl yo rapòte nan moman n’ap pale la, menm òfelina nan zòn nan pa epanye. Bandi yo dechèpiye, boule, kraze epi lage tout moun nan kouri.

Comments are closed.