Yon pitit komin Gran Gwav ki fè pati baz gang “5 Segonn” menase pou anvayi vil natal li ak yon gwoup gang

378
0
Share:
TRiboLAND


05 – 17 – 2024

Gran Gwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Abitan yo nan komin Gran Gwav, leve vwa yo ansanm pou denonse yon pitit vil la ki rele Rasòl ki fè pati baz gang kriminèl Izo “5 Segonn” nan vilaj Dedye, nan yon mesaj li fè sikile sou rezo sosyo yo yèswa jedi 16 me a, deklare lap anvayi vil Gran Gwav ak sangwen parèy li yo.

Selon sitwayèn ak sitwayen yo, depi lè voice sa a ap sikille nan kominote a, yo fè konnen yap viv ak gwo kè sote, gwo laperèz aprè Rasòl anonse lap anvayi komin Gran Gwav ak tout kolonn kriminèl li yo.

Toutfwa, popilasyon grangwavyèn nan, ki deklare malgre yo pa genyen gwo zam nan men yo, men sepandan, yo pap mawon, ni yo pap kouri kite vil la pou sangwen; pandan yo mande otorite nan la lameri, lapolis ak la jistis pou pran responsabilite yo, pou yo devan, yo menm yap dèyè yo, yon fason pou trake bandi yo kap vin simen latwoublay nan site Phito Gracia a.

Share:

Leave a reply