Kòdinasyon depatmantal Pati Politik Pitit Desalin Branch Nòdwès denonse Zak gwo ponyèt blan meriken kont lidè #1 Pati a.

2,216

01/29/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou lapwès, jounen vandredi 28 janvye 2022 a, kòdinasyon depatmantal Pati Politik Pitit Desalin Branch Nòdwès, denonse zak gwo ponyèt ak abitrè peyi tonton Sam kont chèf pati a, Moïse Jean Charles apwè yon toune istorik nan Kontinan Afriken an, nan dat 24 janvye 2022 a.
Pòtpawòl depatmantal pati a, Msye Pierre Réginald, kite move kon kong, dapwè li takse zak bwiganday la kòm yon sekestrasyon gwo ponyèt paske a oken moman ansyen senatè Moise Jean Charles pat janm vyole lwà peyi blan meriken an.

Pòt pawòl la rapousib pou l di, non sèlman ansyen kandida pou pòs prezidan an te vwayaje ak yon viza anbòn edifòm, men tou li te genyen an posesyon li yon paspò diplomatik. Kalifye sak pase kòm yon afwon pou MJC, men tou yon imilyasyon pou pèp ayisyen an, selon pòt pawòl la ki tap depoze.

Pierre Réginald nan sans sa a, pat voye wòch kache men, kote l ta swete subtans ke senatè a deklare ke yo te pase nan gòj li a pap mete an danje lavi lidè a.

Antouka, pòtpawòl depatmantal Pati Politik Pitit Desalin Branch Nòdwès la, adresel ak lemon antye, kote l sinyale kèlkeswa sak rive ansyen kandida Moise Jean Charles pou pòs prezidan pati a, peyi tonton Sam ap responsab.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.