Fòs miltinasyonal la ka pa deplwaye ankò semèn sa nan peyi Dayiti

950


05 – 22 – 2024

(TRiboLAND) Kontrèman jan sa te prevwa pou semèn 23 me 2024 la, fòs miltinasyonal la ka pa deplwaye ankò akoz mank preparasyon daprè yon responsab Ameriken.

Gen yon reta nan achte machin blennde ak elikoptè ki byen ekipe pou evakyasyon medikal. Konsa, dat pou deplwàtonaj yo kapab fèt nan mwa jen 2024 la. Ekip Kenya a di daprè konsta li fè, Ayiti manke machin blennde pou fasilite deplasman troup batayè yo, san konte Radio ak ekipman pou sèvis kominikasyon yo.

Anpil nan sitwayen anyisyen te espere avan lontan prezans fòs miltinasyonal yo nan semen sila; se byen konte mal kalkile. Kidonk, yon lòt fwa ankò, randevou kase pou mwa jen.

Comments are closed.