Divès sitwayèn ak sitwayen avize nan Tirivyè Latibonit denonse manèv yo di bandi kriminèl baz Gran Grif ap fè pou detwi palè 365 pòt la.

266
0
Share:
TRiboLAND

05 – 21 – 2024

Latibonit, Ayiti ___(TRiboLAND) Plizyè sitwayèn ak sitwayen avize nan Tirivyè Latibonit denonse manèv yo di chèf gang baz Gran Grif ke Lucxon ap dirije, ap manniganse pou kraze plat atè youn nan patrimwan depatman an pwosede sou preteks lè fòs miltinasyonal la vini, se li menm yo konte itilize pou etabli baz yo yon fason pou retire lavi yo.

Sitwayèn ak sitwayen avize yo deklare, se yon gwoup politichyen, ansyen palmantè sangwen ki bezwen detwi tout sa ki genyen nan depatman an nan enterè pèsonèl yo, ki kache dèyè aksyon kriminèl sa a, bandi nan baz Gran Grif pral poze nan palè 365 pòt la.

Nan sans sa a, notab yo deklare yo pran kouraj yo ak 2 men pou denonse manèv bandi sangwen kriminèl yo, malgre konsekans negatif sa kapab genyen sou lavi yo ak lavi fanmi yo. Yo poze yon parèy aksyon ki antre nan kad pou sansibilize otorite konsène pou yo asime responsabilite yo, nan lide pou prezève patrimwàn sa a ke yo genyen nan depatman an.

Share:

Leave a reply