Repons Me. Francisque Jean-Charles sou Dosye Bank Pa Nou-an (BPN)

955

09-30-2023

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Mwen chita ak sekretè Bank Pa Nou an, m ap gade kanè aksyonè yo e kanè moun ki fè depo lajan yo pou lè yo bezwen l. Se gwo tèt chaje, pat gen administrasyon ditou.

Lajan fè vòl pou peyi san chapo. Gangster al Capone Dayiti pat ka pa vole gagè. De kalite lajan ki gagote. Gen 10.000 yo ki nan 600.000 goud pou manm fondatè, e 130.000 goud pou moun fè depo nan kès BPN.

Volè Francisque ki pa tap jere BPN e ki pat gen aksè ak lajan BPN dwe peye 730.000 goud pou yo sispann rele l volè.

M fè fayit nan ekonomi kriminèl la ki chita sou dwòg, dyab ak gang depwi ete 2022. Tout moun ki konnen Riko Man Francisque pa ka yon volè ede m remèt moun yo lajan yo souple. Gangster Al Capone Dayti ki te prezidan konsey BPN an ki te pwomèt lap ranbouse tout 10.000 goud yo depwi janvye pa janm fèl.

E li pat di nou yon mo sou kont depay yo. Se mwen ki te kreye BPN ede m peye. An oken ka, Riko pa ka yon volè.

Lespri Francisque e Man Francisque ak Lakou a repons lan nan men w sèlman nou pa vle lanmò. Ou tande Bosou twa kòn, Lenglesou Danma ak Brav Gede Ibo. Souple.

Comments are closed.