UNESCO deklare “Soup Joumou” ayisyen an kòm patrimwàn imanitè

196
0
Share:
TRiboLAND

12/16/2021

Wachenntonn______(TRiboLAND) Soup joumou, ki se yon senbòl endepandans nasyon ayisyèn nan, enskri nan lis eleman ki repwezante patrimwòn imanite, dapwè komite patrimwàn kiltirèl imateryèl UNESCO a (Organisation des Nations unies pour l’Éducation, la Science et la Culture), jodi jedi 16 desanm 2021 an.

Nan moman ke li tap pwan lapawòl, Audrey Azoulay, ki se Alatèt jeneral Unesco, deklare ke “soup joumou ayisyen an pa yon manje konsa konsa”. Alòske anpil repwezantan tout plimay te twò kontan pou te epole Ayiti nan yon parèy demach ke li te deja soumèt bay Nasyon Tèt Kole yo nan mwà màs dènye a.

Soup joumou ayisyen an inik nan stil li ak gou li!. Se yon resèt ki makònnen ak ADN kiltirèl tout ayisyen; men ki genyen yon dimansyon ki karakterize pwemyè manje zansèt nou ye te manje apwè ke yo te pran libète yo anba grif kolon blan ki te entèdi yo konsome joumou.

Konsa, soup la ki se yon senbòl endepandans peyi Dayiti, konsome kòm yon manje nasyonal ke si youn pami yon seri idantite ki rele pèp ayisyen chèmèt chèmètrès. Nap raple, 19 fevwiye 2009, palman ayisyen an te ratifye ou klasifye “Soup joumou” an kòm yon patrimwàn kiltirèl imateryèl selon atik 1 ak 2 Konvansyon pou pwezèvasyon PCI la.

Bwavo pou tout ayisyen ki fasilite yon parèy demach materyalize. Se yon gwo pa nan rejenere ou pwomote yon Ayiti pozitif atravè yon soup nan tout kwen sou planèt la!

Share:

Leave a reply