Se lè zaboka pa la, nap konn valè zaboka

0 542

Nan tan pase, te tèlman genyen zaboka a gogo, anpil moun pat ba li twòp enpòtans nan peyi Dayiti. Nan yon epòk kote ke pwodiksyon agwikòl nou yo tap byen mennen, listwa rapòte se konchon ki te sitou ede peyi-a debarase ak fwi pwesye sa ki rele zaboka.

Anpil chèche kwè ke zaboka nan zònn Sid Meksiko, men yo te konn kiltive-l menm avan aparisyon Ewopeyen yo nan zònn Rio Grande jiska nan sant Pewou. Aztèk ak Enka yo te konn konsome anpil zaboka.  Konsa, nan ane 1696, li venn gaye nan tout Wès Enndiz la pwèske nan tout rejyon twopikal yo ki gen anpil kondisyon favorab pou-l devlope. Konsa, li arive fè chemen li atravè monn lan nèt ale. Tankou, nan ane 1750 li arive nan Mauritani; Sengapou 1830; End 1892 san konte yon pakèt lòt peyi.

Ah monchè! Fè tan kite tan! Ayiti te konnen anpil gwo moman ekstrawòdinè ki baze sou sipè sifizans pwodiksyon alimantè. Pwodwi tankou lam veritab makònnen ak zaboka, mango… tap ponpe ak yon vitès kote ke moun te oblije livre yo bay zannimo. Malerezman, akoz inyorans lidè nou yo ak nou menm ki pa gen enstenk konsèvasyon ase pou sispann koupe pye bwa, pwesipite disparisyon tout strikti florisant ak asèt agwikòl sa yo.

Se avèk dlo nan je jounen jodi-a nap obsève degradasyon anviwonman agwikòl nou yo; nou oblije mande tèt nou eske nou se yon espès ki genyen yon kwomozòm anplis oubyen an mwens. Sitou sa nou te genyen se te bagay òganik avan, epwi nou eseye detwi yo, e apwè se lakay lòt moun nap achte vye pwodwi ki baze sou òganism jenetik modifye (OGM) ki chaje ak kansejènn ladan yo; fwanchman sa fè lapènn.

Gade nan mache lokal Pòdpè-a, nan ki pwi yon moun ki anvi manje yon zaboka ka achte-l. Yon pwodwi ou te genyen agogo lakay ou venn tèlman pa egziste ke li oblije vini yon pwodwi luks oubyen tèt nèg. Nan peyi tèt moun dwàt, chak fwa ou manje yon fwi, ou dwe pwezève grenn (espès la) nan e plante-l pou yon lòt jenerasyon. Tout sa se mank visyon, absans de yon politik edikasyon agwikòl pou konsèvasyon pwodwi, valè, ak tradisyon nou yo. Se pa etonan, Jodi-a nou plonje nan yon kriz alimantè san parèy, kote ke lemon antye ap kriye sou sò nou e ap kotize pou charite nou manje ki bay kansè ke yo pa menm pwan chans itilize lakay yo.

Se avèk tristès nap atire atansyon nou sou yon seri espès plant òganik ke nou te genyen ki pwèske fenn disparèt an Ayiti: Sitwon, chadèk, zaboka, chou palmis, kalbas dous, konkonm, militon, navè, kachiman, kayimit, grenad, grenadya, grenadinn, kowosòl, kowosòl zonbi, roukou, siwèl, kenèp, sapoti, pòm kanèl, pwa mezangous, malanga, kiyèz ou banann kòzbòt, zaboka, kwokwo, topimanbo, kreson, panplemous pou nou site sa yo sèlman.

Ychmuth Corneille, TRiboLAND

Leave A Reply