Yon lòt fwa ankò asosyasyon anseyan Senlwidinò yo reyaji fas ak konpòtman minis edikasyon an ki pa fè anyen pou amelyore sitiyasyon paran yo.

367

05-20-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRibiLAND) Asosyasyon anseyan yo nan komin Senlwidinò reyaji fas ak konpòtman minis edikasyon nasyonal la, Nesmi Manigat, yo di ki pa fè anyen pou soulaje sò elèv ak paran yo.

Selon prezidan asosyasyon an, Fedner Pierre, estrikti a deside pou yo pa travay jiskaske minis manigat reponn ak revandikasyon yo. Konsa, yo mande leta fantom nan pran responsablite’l pou satisfè bezwen popilasyon an ki toujou voye nan poubèl.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.