Biwo pwoteksyon sivil Gran Gwav lanse ofisyèlman sezon siklonik lan pou ane 2024 la.
06 – 05 – 2024
Gran Gwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Biwo pwoteksyon sivil Gran Gwav lanse ofisyèlman sezon siklonik lan pou ane 2024 la, yè mèkredi 05 jen an, sou Plas Cicéron an.
Majistra enterimè prensipal Gran Gwav la, Pechina Maxo, ki te pran lapawòl nan okazyon an, fè popilasyon an, konnen, se pare pou yo pare, mete tout sa yo di yo an aplikasyon paske daprè li, meteyo anonse yo pral fè fas ak anpil lapli ak gwo van tanpèt kraze brize.
Lise Phito Gracia nan vil la, lekòl Nasyonal Miks, lekòl Nasyonal Tozen ak lekòl Nasyonal nan seksyon kominal yo, se kèk abri pwovizwa yo idantifye ppou popilasyon an kapab al pare tèt yo si toutfwa yo santi, yo andanje, Tout fwa, li mande yo pou byen pwoteje pyès enpòtan yo genyen lakay yo, takou batistè, kat indantifikasyon nasyonal yo, papye tè ak Paspò elatriye, pandan l ankouraje tout moun tande Radyo pou lè yo anonse siklòn, pou moun ki abite bò rivaj yo kapab deplase.
Yon lòt pa, ajan ekzekitif enterimè prensipal meri Grand Gwav, Pechina Maxo, lanse apèl bay nouvèl ekip ki pral dirije peyi a, pou fasilite yo jwen mwayen ekonomik ak materyèl pou rive kire yon seri rivyè ki toujou bay pwoblèm nan peryòd siklonik yo, takou rivyè Dèchan, rivyè Gran Ravin ak rivyè Foche, yon fason pou evite inondasyon lakay abitan yo.