Komite òganizasyon tèt ansanm pou devlopman Koray Gicha òganize yon rankont pou pran desizyon pou debloke wout yo nan 3èm seksyon Dègranj.

05 – 11 – 2024
Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Dirijan òganizasyon tèt ansanm Koray Gicha òganize yon rankont vandredi 10 me 2024 la, pou planifye kòman yo pral demare ak travay wout yo te kòmanse depi mwa septanm pase a, gwo lapli ak deboulonay tè kraze yo.
Òganizasyon sa ki toujou mete kòb yo ansanm pou yo fè travay wout nan 3èm seksyon Dègranj avèk fòs kouraj yo, san yo pa mande pyès moun ede yo pran desizyon pou yo deside kontinye ak youn nan misyon yo ki se devlope seksyon yo nan nivo enfrastrikti.
Kòdonatè Manno ap mande popilasyon 3èm nan pote kolaborasyon pa yo nan mezi yo kapab pou yo rive debleye wout yo ki sèvi obstak pou popilasyon an evakye ak aktivite yo. Yon lòt bò yap mande konkou tout moun ki gen konsyans nan mond lan pou ede yo reyalize yon ti pon ki bay plis danje sou sout la.
Yo pwofite okazyon sa tou, pou envite tout popilasyon an vin patisipe nan premye edisyon 19 me 2024 la, yap òganize nan legliz katolik Koray Gicha pou yo kapab jwenn yon ti mwayen pou reyalizasyon pon an. Men nan men, youn pou tout, tout pou youn pou nou rive sove peyi nou. Nap tann patisipasyon ak volonte otorite yo nan peyi a pou seksyon 3èm ka vin pibèl.







Nan tèt ansanm n ap rive akouche tout ide nou yo.
Triboland Mombin-Crochu