Yon jèn gason mouri nan fil kouran elektrik nan Repiblik Dominikèn.

928

04-16-2023

Repiblik Dominikèn___(TRiboLAND) Tiwens Lambart, se non yon jèn gason natif natal komin Senlwidinò, 3èm seksyon Dègranj ki elektrokite jodi dimanch 16 avril 2023 a, nan Repiblik Dominikèn aprè yon fil kouran elektrik ta fin leve l frape atè.

Malgre tout jimnastik sekouris panyòl yo ki te vini sou plas, Tiwens te sukonbe anba chòk elektrik la ki retire lavi’l. Pou koulye a fanmiy Tiwens gen gwo difikilte pou jwenn kò san vi a, alòske Repiblik Dominikèn pa gen kesyon mete nan mòg tann vini.

Kite lakay pou ale nan panyòl pou boske lavi se and marinad. Chèche lavi detwi lavi lakay vwazen. Bagay yo nan panyòl ta sanble te pi mal pou Tiwens ke lè li te lakay. Ke nanm li repoze nan lapè etènèl!

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.