Nòdwès : Kòdinasyon depatmantal Pati PLANSPA mande liberasyon Felicienne Dolciné san pèdi tan

1,859

04/06/2022

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote non kòdinasyon depatmantal pati politik PLANSPA branch nòdwès, jounen madi 5 avril 2022 a; pati a konstate avèk anpil amètim, dezolasyon ak endinyasyon zak kidnapping yon gwoup moun ak zàm fè lè yo te antre san lizaj anndan lakay madam Felicienne Dolciné nan lanwit vandredi ki te 2 avril pou rive devanjou 3 avril 2022 a nan Sen Lwi Dinò.

Bandi ame yo sakaje latèt opye kay Man Henry; pote ale yon katafal bagay e kidnape li san oken fòm prosè.

Fas ak yon sityasyon endinyan, fanmi, zanmi, alye, patizan ak senpatizan nan popilasyon Sen Lwi-Dinò e popilasyon Nòdwès la, yon tout se 2 men nan tèt e plonje nan tristès ak dezolasyon san parèy.
Dapwè sa manb pati a fè konnen, Felicienne Dolciné genyen plis pase 12 lane depi ke lap sèvi ak fòme pitit Senlwi-Dinò. Li se moun tout moun e yon malerèz kap bat dlo nan pilon pou fè bè; kidonk, fanmiy lan pa gen kòb.

“Nou konnen sityasyon ekonomik peyi a di se vre, se vre nou nan mizè, se vre nou bezwen lajan men kòdinasyon depatmantal pati politik PLANSPA branch nòdwès la ap di nou: se nou tout ki viktim anba grif LETA peyi nou, e se LETA saa ki lakòz jounen jodia nap kenbe zam nan men nou poun itilize yo kont frè ak sè nou yo. Se pa pou sa zansèt nou yo te goumen. Jean Jacques Dessalines, papa nasyon an, te vle yon jistis sosyal pou chak grenn ayisyen”, daprè direksyon kòdinasyon Pati PLANSPA a.

Nan sans sa a, kòdinasyon depatmantal pati politik PLANSPA branch nòdwès la, mande libere san pèdi tan madam Felicienne Dolciné. Li estime ke paske c kòz nou li toujou ap defann depi 12 lane ak yon bout lakrè. Yo ajoute pou yo di: Viv Ayiti! Viv liberasyon!

Comments are closed.